Manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo ka ajoute nimewo rejis Legliz yo sou kont FamilySearch yo a. Kont ki konekte ak yon nimewo rejis Legliz la gen aksè a karakteristik ki pou manm Legliz yo. Si w pa t ajoute nimewo manm ou lè w te ouvri kont ou a, ou ka ajoute l apre. Grefye pawas oubyen branch ou an ka ba w nimewo a. Nimewo a disponib tou nan app Zouti Manm yo.
Etap (sit FamilySearch.org la)
- Konekte nan https://familysearch.org/
- Nan pòsyon anlè dwat sou ekran an, klike sou non w.
- Klike sou Paramèt.
- Klike sou Tab Kontla.
- Ajoute nimewo rejis Legliz ou sou kont ou a:
- Toupre anba ekran an, klike sou Ajoute Nimewo Rejis Legliz. Remak: Si ou pa wè karakteristik sa a, sa vledi nimewo rejis Legliz ou a deja lye nan kont FamilySearch ou.
- Antre enfòmasyon:
- Prenon ak siyati
- Dat nesans
- Tout zewo nan kòmansman yo fè pati 11-chif ki nan nimewo rejis Legliz la. Tirè yo pa nesesè.
- Klike Sovgade.
- Dekonekte, epi rekonekte ankò.
Si w resevwa yon mesaj erè ki endike ke nimewo oubyen dat nesans ou a pa kòrèk, li posib ke w te mal antre youn nan yo oubyen toude. Tanpri:
- Eseye antre dat nesans ou ak nimewo rejis Legliz la ankò. Fè atansyon pou w antre chif ki kòrèk yo.
- Tcheke ak grefye inite w la pou verifye ke dat nesans ou kòrèk nan dosye Legliz ou a.
- Tcheke grefye inite w la pou verifye nimewo rejis Legliz ou a kòrèk.
Etap (sit ChurchofJesusChrist.org la)
- Konekte nan https://ChurchofJesusChrist.org.
- Sou pòsyon anlè dwat ekran an, klike sou foto w oubyen senbòl la.
- Klike Paramèt Kont.
- A dwat, klike sou Manm.
- Antre tout 13 karaktè nan nimewo w la, ansanm avèk tirè yo.
- Sou anba paj la, klike sou Sovgade Chanjman.
Apre ou fin ajoute nimewo rejis ou, konekte ak sit FamilySearch.org la lè ou ale sou sitla, klike Konekte sou bò dwat anwo a, apresa, sèvi ak opsyon Kontinye avèk Kont Legliz la.
Etap (Aparèy mobil)
Pa gen okenn opsyon sou aplikasyon mobil yo pou w ajoute nimewo dosye Legliz ou a nan kont ou. Ou dwe sòti nan app la epi itilize yon navigatè sou aparèy ou an, epi lèsa a, suiv etap ki anwo a pou sit FamilySearch.org la oswa sit ChurchofJesusChrist.org la.
Mesaj “Itilizatè a deja egziste”
Mesaj ki di “Sanble ke w deja gen yon kont manm” vledi nimewo rejis manm ou an te deja ajoute a yon kont ki deja egziste. Ou siman te ouvri kont la pou w itilize lòt pwodui sou konpitè Legliz la genyen. Ou ka ajoute nimewo rejis Legliz ou a sou yon kont tou. Gade atik ki gen rapò ak sitiyasyon sa anba a pou èd adisyonèl si ou deja ap itilize nimewo dosye Legliz ou a.
Atik ki anrapò
Ki kote m ka jwenn nimewo rejis mwen nan Legliz la?
M bliye modpas oswa non itilizatè FamilySearch mwen
Lè m eseye ajoute nimewo rejis Legliz mwen sou kont mwen an, m resevwa yon yon mesaj ki di mwen te deja itilize nimewo rejis Legliz mwen an