Kouman pou m ajoute frè ak sè nan Ab Familyal?

Ou ka ajoute plis pitit a yon koup. Ou ka ajoute frè ak sè fanmi w yo dirèkteman apati paj yo.

Etap yo (sit entènèt)

Afichaj Landscape, Portrait, Fan Chart (fòm Evantay), ak Desandans.

  1. Nan meni ki anlè a, klike sou Ab Familyal, epi apresa, klike sou Ab .
  2. Jwenn frè ak sè moun ou vle ajoute a.
  3. Klike sou nonmoun nan. Nan detay ki monte a, klike sou non moun nan ankò. Y ap mennen w sou paj moun nan.
  4. Klike sou tab Detay la.
  5. Glise ale nan seksyon Manm Fanmi an.
  6. Anba kazye Paran ak Frè ak Sè yo, klike sou Ajoute Pitit. (Si Ajoute pitit pa parèt, retounen nan Ab Familyal ou a epi lokalize zansèt ou vle ajoute timoun sou yo a. Klike sou flèch ki desann nan bòkote Pitit anba kazye zansèt ou yo.)
    • Si w pa konnen yonn nan paran timoun nan, klike sou Ajoute Pitit avèk yon Manman Enkoni oobyen Papa. Ou ka ajoute detay nan yon nòt oubyen Rezime Lavi.
    • Si non toude paran pitit la enkoni, akoute papa a dapre non fanmi l. Apresa, ou ka ajoute frè ak sè yo, si w itilize flèch desann ki anba kazye papa a.
  7. Antre enfòmasyon konsènan frè ak sè yo, epi klike sou Suivan. (Si w konnen ID frè ak sè yo, nan kwen adwat anba kazye a klike sou Dapre nimewo ID.)
  8. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwenn frè ak sè kòrèk la, klike sou Ajoute Moun
  9. Si w pa wè moun nan, klike sou Kreye Nouvo.​

Gade Premye Zansèt

  1. Pandan w konekte nan FamilySearch, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Jwenn paran ak frè ak sè ki manke yo.
  3. Anlè foto yonn nan paran yo, klike sou senbòl + la.
  4. Klike sou Ajoute Pitit.
  5. Antre enfòmasyon konsènan pitit la, epi klike sou Suivan, ki disponib apre w klike sou Desede oubyen Vivan. (Si w konnen ID konjwen an, klike sou Dapre Nimewo ID.)
  6. Si Ab Familyal jwenn moun ki matche avèk rechèch ou a. l ap ba w lis la. Endike si w bezwen ajoute yon moun ki matche oubyen kreye yon nouvo:

    • Si moun nan deja nan Ab Familyal la, klike sou Ajoute Match.
    • Si moun nan vivan oubyen pa deja nan Ab Familyal, klike sou Kreye Moun.
    • Pou ajiste rechèch ou a, klike sou Rafine Rechèch.

Etap yo (app mobile)

Paran yo dwe parèt anvan ou ka ajoute yon frè ak sè.

  1. Nan app mobil Ab Familyal la, navige al sou paj Pèsonèl moun ke ou vle ajoute frè ak sè pou li a.
  2. Tape sou tab Paran an.
  3. Glise ale nan fen lis frè ak sè yo.
  4. Tape sou Ajoute Frè ak Sè.
  5. Antre enfòmasyon konsènan frè ak sè. Ou dwe seleksyone sèks epi ajoute omwen yon prenon oubyen non fanmi. (Si w konnen ID frè ak sè a, tape sou Ajoute dapre ID.)
  6. Tape pou w seleksyone Desede oubyen Vivan epi tape sou Kontinye
  7. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwenn moun ki kòrèk la, tape sou Ajoute Moun sa a oubyen Ajoute.
  8. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, tape sou Pa Gen Parèy
  9. Revize sa w te antre a, epi tape sou Ajoute oubyen Ajoute Moun Sa a.

Etap yo (Ab Familyal Senplifye)

  1. Pandan w konekte nan Ab Familyal Senplifye a, navige al sou paj Pèsonèl moun ouvle ajoute frè ak sè pou li a.
  2. Klike sou Gade Fanmi.
  3. Anba Paran ak Frè ak Sè, klike sou Ajoute Frè ak sè.
    • Kouraman, Family Tree Lite pa gen opsyon pou ajoute yon frè ak sè si paran yo pa parèt. Vizite sit entènèt konplè a pou opsyon sa a.
  4. Antre enfòmasyon konsènan frè ak sè, epi klike sou Suivan. (Si w konnen ID frè ak sè a, klike sou Jwenn Dapre Nimewo ID.)
  5. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwenn moun ki kòrèk la, klike sou Ajoute Moun.
  6. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, klike sou Kreye Moun.

Atik ki an rapò

Kouman pou m presize relasyon byolojik, relasyon pa alyans, adoptif , ak adoptif, nan Ab Familyal?
Kouman pou m retabli yon relasyon ki te efase nan Ab Familyal?
Kouman pou m ajoute fanmi ki vivan a yon moun nan Ab Familyal?

moduleTitle