Kreye yon Ab Jeneyalojik

Kreye yon Ab Jeneyalojik

Eseye aktivite sa yo pou kòmanse dokimante branch istwa familyal ou yo nan FamiliSearch.

Kisa rasin nan ye?

Se yon koleksyon jeneyaloji familyal k ap grandi. Moun nan tout mond lan ajoute branch pa yo atravè anpil ane.

Premye etap yo

Kòmanse avèk paran ou, ajoute fanmi ki vivan ak mouri yo osi lwen annaryè ke w kapab. Yon apèl telefonik rapid oswa yon tèks ou voye bay yon fanmi ki pi aje pase w gendwa ede w konble kèk brèch.

Rekòmandasyon: Pa enkyete w konsènan ajoute moun ki vivan yo pandan w ap fè wout pou retounen al nan zansèt yo. Tout enfòmasyon konsènan moun ki vivan yo dwe rete prive.

Ajoute moun nan Ab jeneyalojik la

Seleksyone bouton (+) la pou ajoute moun nan ab jeneyalojik la.

Ajoute non yon moun ansanm ak dat ak lye nesans oswa lanmò yo. Kèlkeswa sa w konnen oswa sa w ka rive jwenn. Apresa chwazi apre.

Konekte nan kominote Ab Jeneyalojik Familyal a

Pandan w ajoute non yo nan ab jeneyalojik la, n ap chèche jwenn sa ki koresponn avèk yo. Konsa, si granmè w ki mouri a deja nan ab jeneyalojik la, n ap jwenn li epi fè koneksyon an. Jwenn bagay komen ki matche yo—kominote Ab Jeneyalojik Familyal a bati sou kontribisyon chèchè tout kote nan mond lan, ki bati pandan plizyè ane.

Chèche endis pou rejis

Anplis de chèche jwenn zansèt ki matche nan ab jeneyalojik la, n ap chèche koleksyon rejis istorik pou tout zansèt desede w ajoute tou. Lè nou jwenn youn ki matche, n ap montre w yon “endis.” Ou ka rekonèt yon endis gras ak senbòl ble ki parèt la.

Suiv lyen an pou wale nan Ab Jeneyalojik Familyal epi pou kòmanse. Klike sou senbòl (?) la anlè nan paj la si w gen kesyon oswa vle aprann plis konsènan jan li mache.

Rekòmandasyon: Repase endis yo pou wè si yo koresponn. Si wi, se yon gwo mwayen pou w ajoute nouvo branch nan ab jeneyalojik la.