Pi gwo Ab familyal gratis sou entènèt nan mond lan
FamilySearch ede nou konekte pase, prezan, ak lavni. Kreye yon kont pou w bati yon ab familyal, chèche nan rejis jeneyaloji yo, ak presève istwa familyal ou gratis.

Tracing Your Chinese Roots
Explore the guide
Guangdong Village Finder
Start searching
1:59
Kontinye Eritaj Familyal ou a nan konsève Rejis yo

Kisa FamilySearch ye?
FamilySearch se yon òganizasyon san bi likratif ki bay tout moun sèvis gratis. Resous istwa familyal rich nou yo ede plizyè milyon moun atravè mond lan dekouvri rasin fanmi yo epi konekte ak fanmi yo.
Ab Jeneyalojik mwen an te sèlman desann jiska kat jenerasyon, men mwen te konnen ke kèk nan parante m nan yon lin kolateral sou il prensipal Lachin la te gen yon gwo liv jeneyalojik klan an (jiapu). Papa m te mouri, epi m pa t kon okenn moun ki te parante avèk mwen epi mwen pa t gen okenn jan pou m kontakte yo. Nan mitan mwa oktòb 2020 an, m te wè FamilySearch te gen yon nouvo karakteristik rechèch, konsa mwen te itilize zouti an pou m fè yon premye rechèch dapre karaktè jenerasyon zansèt mwen yo epi apresa m te suiv lin nan pou m te jwen non papa m, gran papa m, ak gran gran papa m yo. Men mwen te santi m kòmsi se yon trezò m t ap chase. Mwen pa t reyalize kijan klan m te laj konsa—moun ki gen menm karaktè nan jenerasyon yo te ranpli plizyè volim—epi mwen te bezwen fè rechèch ak pasyans, paj-pa-paj. Apre de jou rechèch, finalman mwen te jwenn ni. Lajwa ki te nan kèk m te endèskriptib. Sa se vrèman yon trezò san pri.Chang Pei-peiItilizatè FamilySearh, Taywann
Ekip [FamilySearch] la te fè yon atelye pou Sosyete Jeneyaloji Sengapou an lane dènye, pou entwodui lojisyèl FamilySearch la ak done konsiderab li an. Patisipasyon aktiv yo nan gwoup diskisyon yo ofri plizyè manm GSS yo sipò nan rechèch rasin zansèt yo. Li fè prèv pasyon ak kijan bon ekip la te pwofesyonèl.Lee Khong KeeDirektè Devlopman Pwogram nan, Sosyete Jeneyaloji Sengapou
Yo te vrèman apresye patisipasyon Family Search nan mete an plas sitwèb pou Fèt Nouvèl Ane Chinwa 2022 an avèk Sant Kiltirèl Sengapou Chinwa an.
Bibliyotèk Shanghai la ansanm ak FamilySearch te kòmanse travay ansanm nan fen dènye syèk la, epi patenarya fòmèl nou an pou n rasanble, òganize, fè rechèch, ak ofri sèvis ki gen rapò ak klan jeneyaloji Chinwa yo (jiapu) te dire plis pase 20 an. Jeneyaloji Klan yo dokimante linyaj, endividi, epi ak fanmi pi laj ki pataje menm liy san zansèt yo. Yo se yon pati enpòtan nan eritaj kiltirèl imanite an epi se zouti ki esansyèl pou jeniyaloji, rechèch akademik, epi pou etabli armoni sosyal. Sa a vreman konsistan avèk sa FamilySearch konprann nan jeneyaloji.Zhou DemingAnsyen Direktè Jeneral, Bibliyotèk Shanghai



